KI SA WICCA YE

KI SA WICCA YE

✨ Ki sa ki Wicca ?

 Gen mounn ki di Wicca se yon relijyon neopayen ki adore nati, Lalin, solèy, ak fòs linivè elatriye. Li mete aksan sou Bondye (Dieu masculin) ak Deyès (Déesse féminine) sa vle di li Rekonèt prensip feminen ak maskilen kòm de fòs sakre ki egalman enpòtan. Men wicca plus ke sa, plus wap fè eksperyans,plus wap we ou pat konnen anyen li se yon mod vi ou mete pou sèvi mounn ki nan bezwen e travay ak fòs natu a ak kosmos.

 🔮 anndan Wicca nou travay ak tout eleman yo Deyès yo ak Bondye Bondye (Horned God) reprezante solèy ak lanati, Deyès (Triple Goddess) reprezante Lalin, feminite ak sik lavi. 🔥 Eleman 4 yo Dlo, dife, lè, ak tè chak reprezante yon aspè espirityèl ak rit rituel. Premye e pi gro regleman nan wicca se “An it harm none, do what ye will” — Sa vle di: “Si sa pa blese pèsonn, fè sa ou vle.” 🌀 Sik Lalin Pratik yo souvan swiv faz Lalin lan pou planifye rituel, ben purifikasyon meditasyon, ak benediksyon. 🕯️ Rituel ak maji Yo fè rityèl pou selebre sezon, mande gidans, geri, oswa fè maji (ki respekte natirèl balans linivè a). Wiccans selebre 8 Sabbats ki fòme Wheel of the Year: Samhain (31 oktòb) Yule (solstis ivè) Imbolc (1-2 fevriye) Ostara (ekinòks prentan) Beltaine (30 avril - 1 me) Litha (solstis ete) Lughnasadh / Lammas (1 dawout) Mabon (ekinòks otòn) Esbats se seremoni ki fèt chak fwa gen plen Lalin, souvan pou travay espirityèl oswa maji pèsonèl.

wicca se yon melanj preske tout divinite yo vinn   yonnn tankou 

Nan Wicca, fe maji  pa yon bagay mechan. Se yon chemen espirityèl, yon fason pou konekte ak lanati, ak fòs linivè a.
Wicca se yon relijyon modèn ki soti nan peyi Angletè nan ane 1950, men li baze sou ansyen tradisyon pèp Ewòp tankou kelte ak payen yo.

Nan Wicca, maji se yon fason pou travay ak enèji ki nan nou
Moun wiccan yo sèvi ak pawòl, zèb, senbòl, ak dife oswa dlo pou:

  • atire lanmou, lapè, pwoteksyon,

  • geri kò ak lespri,

  • pirifye espas,

  • beni nouvo kòmansman.

Tout bagay fèt ak respè — respè pou tèt ou, pou lòt moun, ak pou lanati.

Gen de gwo prensip nan Wicca:

a. Lwa Wiccan an ("The Wiccan Rede")

“Si ou pa fè okenn moun mal, ou ka fè sa ou vle.”
Sa vle di: libète ou gen nan majik la dwe toujou gen respè ak responsabilite ladan l.

b. Lwa retou trip la ("The Law of Three")

Tout sa ou voye nan linivè — swa bon oswa move — ap retounen sou ou twa fwa plis.
Se poutèt sa wiccan yo toujou fè travay majik yo ak bon entansyon.

Nan Wicca, gen yon Deyès ak yon Bondye
Yo se de fòs linivè a: feminen ak maskilen.

  • Deyès la reprezante lalin, tè, kreyasyon, ak sajès.

  • nou  reprezante bondy nan solèy la, fòs, lavi, ak renouvèlman.

Lè w ap fè majik nan Wicca, se tankou w ap pale ak lanati ak tout fòs sakre ki ladan l.

Nan Wiccan yo konn fè:

  • sèk majik pou pwoteje tèt yo pandan yo travay ak enèji,

  • rit lalin (Esbats) chak fwa gen lalin plen,

  • fèt sezon (Sabbats) tankou Samhain (fen ane espirityèl), Beltane (lanmou ak dife), Yule (nwel solèy), elatriye,

  • majik zèb, kristal, ak bouji pou geri, pirifye, ak atire limyè.

Chak ti jès gen sans espirityèl li. Wicca se yon chemen lapè ak balans.

 nou te kapab di Wicca se yon sèk sakre ki chèche balans, lanmou, ak limyè.
Li pa sèvi ak fènwa pou fè mal, men ak enèji linivè pou geri ak pwoteje.


 






Back to blog

Leave a comment