Etude sou ejiogbe premye odu  nan ifa nan vodou afriken

Etude sou ejiogbe premye odu nan ifa nan vodou afriken

 POUKISA VODOU CHITA SOU 16 PRENSIP GEOMANSI YO?

linivè a mache sou kòd matematik, senbolik ak espirityèl, e 16 se chif fondasyon kreyasyon an nan tradisyon afriken.

 Sitou Vodou Rada ak rasin Dahomey–Yoruba
16 prensip yo se:

  • 16 fòs kreyasyon

  • 16 pòt konesans

  • 16 lwa linivè

  • 16 chemen destin

GEOMANSI SE LANGAJ TE  AK ESPRI YO

Geomansi se:

  • lekti siy ki sòti nan tè a

  • modèl pwen, liy, kwa

  • entèpretasyon mouvman enèji

Afriken yo te konprann:

Tè a pale, men se senbòl ki tradwi pawòl li.

Se la 16 figi geomansi yo parèt:

  • yo se katman enèji

  • yo konekte syèl + tè + moun

  • POU  KISA 16 la?

Nan konesans afriken:

  • 4 = kat direksyon (N–S–E–W)

  • 4 × 4 = 16 = linivè konplè

👉 16 = tout posiblite egzistans

Nan Ifá:

  • 16 Òdù prensipal

  • 256 (16×16) chemen lavi

  • 4096 manifestasyon

Nan Vodou:

  • 16 rasin lwa

  • 16 baz veve

  • 16 prensip divinasyon

  • mwen konnen ou ka mande ki lyen ant vodou a ak geomansi

Vodou:

  • li pa relijyon liv

  • li se syans sakre oral

Geomansi se:

  • zouti pouw ka  li volonte lespri yo

  • fason pou konprann destin + maladi + atak + benediksyon

Se poutèt sa:

  • ou jwenn kwa, pwen, liy, kòn nan veve

  • ou jwenn 4, 8, 16 repetisyon nan rityèl

ki premye mounn  ki vinn  ak li

Pa t sou yon sèl moun.

Men ORIJIN LI:

  • Afrik Nwa (Nubya, Kemet, Dahomey, Yorubaland)

  • Anvan kolonizasyon

  • Anvan relijyon oksidantal

Moun ki pote li Ayiti:

  • Ansyen prèt/prètès Dahomey (Fon–Ewe)

  • Babalawo Yoruba

  • Gran manbo ak houngan kaptif

  • Lespri zansèt yo (Ginen)

👉 Yo melanje Ifá, Fa, Vodun, Kongo, men yo kenbe 16 prensip yo.


Eleman Siyifikasyon
16 Kreyasyon konplè
Geomansi Langaj tè
Vodou Sistèm vivan
Veve Geomansi vizyèl
Lwa Fòs linivè

  sa ki verite a  vodou pa kopye geomansi  paske li se sous la

Sa Ewòp rele “geomansi”an  zanset nou yo te gentan ap viv li ,ogbe se premye  odu ifa


Li reprezante :

  • Limyè orijinal

  • Pawòl kreyasyon

  • Verite, lòd, ak destin ki klè

  • Viktwa san konfli

Nan maji tradisyonèl, Èjì Ogbe pa sèvi pou fè mal. Tout travay ki sòti ladan l se pou:

  • Ouvè chemen

  • Netwaye blokaj

  • Ranfòse Ori

  • Retabli verite

      • Rèv klè

      • Lespri kalm

          1. Otítọ́ (Verite)
            → Pa gen maji ki mache si kè a pa pwòp.

          2. Ọ̀rọ̀ (Pawòl)
            → Pawòl ou di vin kreyasyon.

          3. Ori
            → Se tèt espirityèl ou ki dirije tout rezilta.
            Pawòl ou vin gen plus pwa.

             

             


            Pretresse lyamifa  Nefertiti

             

         

Back to blog

Leave a comment